Personne de l’année: toi

·

Semèn pase-a, Ticket Magazine [@ticketmaghaiti] sot mete deyò on lis moun ke li deside rekonpanse nan domèn lakilti, mizik, etc. Anpil moun bat bravo. Konsa tou, anpil lòt koumanse plenyen sou rezo sosyal yo. 


Sa fè mwen reflechi epi poze tèt mwen kesyon sa-a: 

Eske se lè lasosyete ba nou ochan, bat bravo pou nou, nou sèlman santi nou regle on bagay ki gen enpak pozitif?


Mwen kwè si nou plis fokis sou enpak pozitif travay nou, nou chak ka reprezante “Personne de l’année” nan lavi omwen yon moun, menm si nou pa jwenn rekonpans nan men lasosyete.

Panse yon lòt jan.


Leave a comment

Get updates

Stay updated on my latest posts with articles and tips to improve your life. Subscribe for notifications about new content that inspires. Don’t miss out; join us and stay connected!

Subscribe