Yo pataje leson moral sa yo ak mwen. Kidonk, mwen deside pataje yo ak ou tou.
Kenbe yo nan tèt ou, e pataje yo bay lòt moun tou.
Nou pati…
4
3
2
1
-Pa janm fè pèsòn enjistis, demen li ka avoka ou jij ki an fas ou!
-Pa joure moun, demen li ka medsen ou!
-Pa umilye moun, demen li ka sou tèt ou!
-Pa bat moun, demen li ka yon Polisye!
-Toujou rekonesan anvè moun ki fè-w byen, wap bezwen ankò!
-Si ou konnen wap gen bezwen entèl, pa di li tout vye bagay ki vin nan bouch ou!
-Jodi-a la vi-a ka bèl pou ou, demen yon maladi, yon katastwòf natirèl ka vin fè-w lèd!
-Sajès pi bon ke awogans!
-Pa mèt nan tèt ou, ou pa bezwen moun e tout moun enpòtan menm nan yon minut ou pat panse!
-Chak grenn vòt konte!
-Pa viv mal ak moun, demen non ou ka site nan temwagnaj li!
-Pa kwè se sèl ou ki gen lespwi, ti sa ou konnen-an se yon ti kiyè dlo nan yon oseyan!
-Menm si ou pa dakò ak tandans yon moun, se pa nòmal pou di li nènpot sa ou vle!
-Erè yon moun fè, pa bay ou dwa pou di li sa ou vle!
-Moun pa janm bliye sa ou te fè li ki mal ni sa ou te di li ki mal!
-Pa fanatik moun, wap wont yon jou!
-Respekte tout moun, menm si se yon pòv ou wè ki devan ou!
-Chak moun chèf nan patiraj yo!
-Util tout kote ou pase!
-Respekte travay moun e respèkte tèt ou!
-Pa kite moun reprimande-w plizyè fwa!
-Toujou reflechi sou sa ou pral di! Sou sa ou pral fè! Jan ou reyaji-a kapab dire pou toutan!
-Li pi bon pou ou pa nan rakonta! Li pi bon pou non ou pa site nan sa ki mal!
Frè-m ak sè-m kap li sa, eksperyans montre-m anpil fwa la vi enbesil anpil! Pafwa moun ou kwè ki pa tap anyen ka etone-w demen!
Maladi, prizon, katastwòf natirel ak lanmò dwe pèmèt ou saj anpil!